Pou Nouvo Itilizatè Passio Go yo
Kòmanse avèk aplikasyon Passio Go a
Pou Nouvo Itilizatè Passio yo
Tanpri swiv etap ki anba yo pou asire w ke ou ka wè tout wout navèt Longwood Collective yo ak enfòmasyon sou lè w ap rive an tan reyèl.
Etap 1: Telechaje aplikasyon Passio Go a
Telechaje aplikasyon Passio Go a nan magazen aplikasyon aparèy ou an. Yon fwa li enstale, ouvri aplikasyon an pou kòmanse konfigirasyon an.
Etap 2: Chwazi Longwood Collective kòm Ajans ou
- Tape twa liy orizontal yo nan kwen anwo gòch aplikasyon an
- Chwazi "Ajans mwen an"
- Scroll oubyen itilize ba rechèch la pou jwenn “Longwood Collective”
- Tape sou "Gade "
Yon fwa ou chwazi li, ou ap kapab wè tout wout navèt Longwood Collective yo.
Etap 3: Chèche kote ou vle arete a
- Tape twa liy orizontal yo nan kwen anwo gòch la
- Chwazi "Lis Arè"
- Defile oswa chèche arè ou vle a
- Tape sèk kolore ki akote non arè a
Apati de la, ou ta dwe kapab wè tout wout ki desèvi arè sa a ansanm ak lè estime yo ap rive.