
Tan ete nan Nouvèl Angletè toujou pote tanperati ki pi cho, jounen ki pi long, ak koulè ki pi klere; yon konbinezon atiran ki ba ou opòtinite pou soti deyò epi patisipe nan defi ete CommuteWorks CommuteFit la!
Defi Ete CommuteFit 2022 a ap dewoule soti 27 jen pou rive 31 jiyè epi li gratis pou anplwaye ak elèv LMA yo. Poukisa patisipe? Paske ou ka genyen yon kat kado pou Landry's Bicycles ! Règ yo senp: enskri pou defi a epi anrejistre nenpòt "vwayaj" mache, kouri, bisiklèt oswa trotinet nan tablodbò "Anrejistre Vwayaj Ou" a, swa pou lwazi oswa pandan vwayaj ou, epi w ap antre nan konkou a pou genyen bèl pri.
Kat premye gayan yo ap resevwa chak yon kat kado $250 pou Landry's Bicycles ke yo ka itilize pou achte yon bisiklèt ak ekipman! Gayan senkyèm ( 5yèm ) jiska kenzyèm (15yèm) plas yo ap genyen yon kas bisiklèt ak yon limyè bisiklèt.
Moun ki fè plis kilomèt pandan peryòd sa a pral detèmine gayan yo. Si gen yon egalite, y ap fè yon tiraj osò ant premye moun yo. Y ap pran foto gayan yo tou epi anonse yo nan yon evènman an dirèk sou entènèt oubyen an pèsòn (y ap pibliye detay sou evènman an nan mwa Jiyè). Defi sa a baze sou sistèm onè a epi li se yon fason amizan pou ogmante distans ou fè apye, monte bisiklèt, ak monte trotinet pou ankouraje fòm transpò dirab.
N ap tann patisipasyon ou nan #LMACumuteFitSummerChallenge la !
Elijibilite
Defi sa a ouvè pou tout manm MASCO ki enskri nan Pwogram CommuteWorks CommuteFit la. Si ou poko enskri kounye a, epi ou ta renmen enskri, ou ka enskri isit la avèk imèl travay ou.
Kijan pou enskri
Ou ka mande ki jan li fonksyone? Swiv etap ki anba yo:
Nòt: Si ou deja enskri nan Pwogram CommuteFit la, ou ka sote etap 1 rive nan etap 3 yo.
- Enskri avèk imèl travay ou pou aplikasyon Ride Amigos la ( https://gomasscommute.com/#/pages/masco )
- Klike sou "Rezo mwen yo"
- Chwazi "MASCO CommuteFit" anba "Jwenn epi rantre nan rezo yo"
- Apre ou fin rantre nan rezo MASCO CommuteFit la, ale nan "Pwogram yo"
- Chwazi "Defi"
- Klike sou Defi "Disponib" yo
- Patisipe nan "Defi Ete CommuteFit 2022 a"
Plis Enfòmasyon
Rete branche pou evènman prezantasyon ete sa a, kote ou ka aprann plis bagay sou Pwogram CommuteWorks la, Defi Ete CommuteFit la, epi pran yon ti bagay dous.
Pou plis enfòmasyon, swiv MASCO sou Instagram (@longwoodarea) ak Twitter (@CommuteWorks, @MASCOLMA)!
Si ou gen nenpòt kesyon, tanpri kontakte commuteworks@masco.harvard.edu .